Nan yon konvèsasyon ekskliziv li te genyen ak NBC News, Prezidan ameriken an di li pat kontan parapò a lajan ansyen Chèf DHS la te depanse nan kanpay piblisitè pou mande migran san papye depòte tèt yo poukont yo. 220 milyon dola sa a, daprè sa Donald Trump di medya ameriken an, li pat janm siyen pou li.
Alòske Prezidan an di li pat janm siyen pou lajan sa depanse, Kristi Noem te deklare devan palmantè ameriken yo : “Trump okouran de depans sa a”. Yon bagay ki deranje Chèf Lamezon Blanch lan anpil.
« Mwen pat kontan sou pwen sa. Mwen te depanse mwens kòb ke sa pou m te vin Prezidan. Mwen pat okouran », deklarasyon Donald Trump, ki anonse revokasyon Kristi Noeam, jedi 5 mas 2026 la, nan yon piblikasyon sou Thruth Social.
Sous/NBC News.-

