Tchad, yon peyi an Afrik, sou wout voye polisye ak militè nan Pòtoprens, nan kad deplwaman Fòs Represyon Gang yo (FRG), an Ayiti. Daprè sa medya RFI rapòte, madi 24 mas 2026 la, deplwaman sòlda Tchadyen yo ap demare nan kòmansman mwa avril 2026.
750 militè Tchadyen pral deplwaye. Yo ta dwe rejwenn fòs la an Ayiti, nan kad batay kap mennen kont gang yo sou teren an. Yon premye deplwaman ap gen pou fèt nan finisman mwa mas, avèk 50 sòlda ki soti nan jeni militè. Sòlda sa yo se elektrisyen, plonbye ak bòs chapant… Yap voye yo Ayiti an premye, pou kapab vin fè enstalasyon yon baz.
Nan finisman mwa avril, gen 350 sòlda kap gen pou deplwaye, e kontenjan sa ap rete jiska mwa jen kap vini. Operasyon sa a, se Selil Koòdinasyon Operasyon Ekstèn (CECOPEX), yon antite nan Ministè kap jere kesyon lame nan peyi Tchad kap gen pou sipèvize li.
Yon lòt bò, RFI di gen fòmasyon kap gen pou bay pou kapab prepare twoup Tchadyèn yo, pou yo ka mennen batay nan zòn geto. Nan sans sa a, gen yon ekip nan lame a ki dwe voye sa yo rele “eklerè” an Ayiti, pou vin etidye teren an.
Daprè sa yon sous nan gouvènman Tchadyen an fè medya a konnen, Tchad reponn ak apèl Nasyonzini, kap jwe yon wòl sipèvizyon ak soutyen lojistik pou fòs la.
Nap raple, misyon sa a se pral yon misyon miltinasyonal, ke konsèy sekirite ONU te adopte nan finisman lane 2025. Fòs Represyon Gang yo (FRG) dwe mennen operasyon ofansiv dirèk kont gang yo. Gen yon total 5 mil 500 sòlda ak polisye ki pral opere Ayiti, apati mwa avril sa a. Misyon FRG a ta dwe dire yon lane, men kantite tan kontenjan Tchadyen an ap fè nan peyi a poko devwale.
Sous/RFI.-

