Se yon antrenè eksperimante. Pia Sundhage, 66 lane, chanpyon olenmpik 2 fwa ak Etazini (2008, 2012). Li te finalis mondyal fanm (2011), meday ajan olenmpik ak Lasyèd (2016). Sundhage te chanpyon tou Copa América ak Brezil (2022). FHF – Fédération Haïtienne De Football la di nominasyon sa a antre totalman nan kad plan estratejik FHF pou estriktire ak pwofesyonalize foutbol ayisyen an.
« Li montre yon volonte klè : Pou ogmante nivo teknik, ranfose kilti pèfòmans lan, epi bati fondasyon solid ak dirab pou jenerasyon k ap vini yo », se sa federasyon an ekri.
Manda Madam Sundhage ap gen ladan : 1- Akonpaye ak fome antrenè nasyonal yo, 2- Pataje metodoloji ak zouti teknik, 3- Entegre piti piti konpetans lokal yo nan teknik la, 4- Kontribye nan estriktirasyon dirab Direksyon Teknik Nasyonal la.
Apwoch sa a, daprè FHF, vize garanti ekspètiz entènasyonal ki mobilize a sèvi dirèkteman devlopman foutbol ayisyen an a lavni.

