24èd tan aprè Prezidan ameriken an fin deklare ke gouvènman li an pap negosye ak Iran, ebyen otorite Iranyèn yo di yo menm yo pa bezwen negosye ak Ameriken.
Masoud Pezeshkian, Prezidan peyi Iran an pale klè : « Nou pap janm met ajenou, paske lame nou ap kontinye frape ak Izrayèl ».
Minis Afè Etranjè a li menm, reponn Donald Trump, ki pa ekate posiblite pou ta voye twoup amerikèn sou teren an. « Peyi nou prè pou yon envazyon tèrès, twoup amerikèn yo. Nou pare. Nap tann yo », deklarasyon Abbas Araghchi, nan yon entèvyou ekskliziv li bay NBC News.
Minis lan di fè konnen yo menm nan peyi Iran, yo pat mande negosye ak Etazini, ni yo pat mande pou gè a kanpe.
Sous/NBC News.-

