Dam nan rele Nancy Guthrie. Li abite Tucson, Arizona. Yo pa wè li depi 31 janvye 2026. Jiskaprezan, otorite yo poko ka idantifye ki moun ki pran Nancy, e kibò li ye.
Pima County Sheriff’s Department konfime se yon kidnapping, e FBI ofri $50,000 a nenpòt moun ki ede yo jwenn viktim nan. Yo ka rele 911 oubyen rele yo nan nimewo sa a : 520-351-4900.
Fanmi Mme Guthrie di yo enkyete, e mande kidnapè yo « tanpri pou ba yo garanti li toujou la ».
« Silvouplè, rantre an kontak avè nou. Nou pare pou nou pale. Nou vle konnen si li vivan, si li nan men nou », se mesaj fanmi an voye bay kidnapè yo

