Direksyon kominikasyon Lapolis la, nan yon nòt yo mete deyò, Dimanch 1e Mas 2026 la, fè konnen gen 6 bandi ki mòtèlman blese, nan kad yon dezyèm jounen entèvansyon sa nan zòn komin Kwadèboukè. Se yon bilan pwovizwa, si n kwè PNH la, ki di yo rive debare 4 espas ki te prèske bloke, epi deplase 2 machin blennde ki te bloke wout la.
Operasyon sa a ki te mennen nan zòn Kafou Marassa, Duval ak Santo 25, te lanse blòk 9vè nan maten. Plizyè inite espesyalize tankou SWAT, UTAG, UDMO te patisipe nan operasyon sa a. Pou te rann entèvansyon an pi efikas, Lapolis di yo te itilize dwonn.
PNH la di yap kontinye mennen seri operasyon sa yo, pou rive retabli sekirite nan komin Kwadèboukè, epi pwoteje popilasyon sivil la.
Sous/DICOP/PNH.-

