Se konfime. Matiado Vilmè la pèdi batay li tap mennen kont kansè a. Matiadio Vilmé mouri 1e fevriye 2026, e se Papa li Ylrick Vilmé ki anonse sa nan mikwo Passion Info Plus. “Ah ! Li ale…”, se sa Papa a deklare, avèk yon vwa dezole.
Jounalis la vin rann dènye souf li nan zòn Doco Petyonvil, kote paran l ap viv, aprè li fin pase 7 mwa lopital nan peyi Meksik. Doktè yo di yo paka fè anyen pou li. Lè Mati rive Pòtoprens, pwòch li te mennen li nan lopital lapè, men yo di yo paka resevwa l. Matiado ki tap soufri ak yon kansè kolon depi anviwon 2 lane, fè pati jounalis ki te prezan nan moman bandi te louvre kout zam sou sou lopital jeneral, 24 desanm 2024 la.
Malgre li menm tou li te an danje, jounalis la te gen kouraj pou ede nan bay swen an ijans a kòlèg li yo ki te blese. Imaj Matiado ki tap mare yon twal nan pye yon jounalis blese, toujou rete nan memwa anpil moun.
Matiado Vimé te gen 36 lane. Li te travay nan Canal 11, Radio Télé Ginen ak Lavwadlamerik. LSV Media prezante kondoleyans li ak tout fanmi, zanmi ak pwoch Mati. Vole wo fanm vanyan !
Sous/Passion Info Plus

