Se avèk dlo nan je, jounalis espòtif Radio Television Caraibes la tap pale de arestasyon Daphney Haspil alyas « Betina », Vandredi 27 Fevriye 2026 la. Daprè sa Harold Domond di nan jounal « Premye Okazyon », Manman 2 pitit li jwenn arestasyon li, 11 fevriye, sou channmas, pandan li te vin pran yon kòb nan men l, e se nan moman sa a lapolis pranl.
Domond eksplike, yo te kondui l nan komisarya Pòtoprens, epi kèk tan aprè yo ta pral transfere l nan Direksyon Santral Polis Jidisyè. Selon sa enfòmasyon yo revele, Daphney Haspil ap reponn kesyon anketè DCPJ yo, sou rapò li ta genyen ak gang 5 segonn nan « Village de Dieu ».
« Li difisil, e menm enposib, pou m di m pa rekonèt li. Men depi 2021, nou pap viv menm kote », se sa jounalis espòtif la fè konnen. Lè yo mande Domond èske l te konn aktivite Daphney nan kesyon gang, Domond reponn li di : sa pou l te konnen de Manman 2 pitit li yo, li konnen l, ki se fè komès, fè biznis, epi li se yon TikTokè ki gen anpil « followers ».
« Se yon kochma map viv. Pitit mwen yo ap poze m kesyon chak jou sou sa. Sa fèm mal. Li deranjem. Map viv li trè mal », pawòl jounalis la, ki di lap kite lapolis fè travay li, e li pa vle enfliyanse lajistis.
Jiska vandredi 27 fevriye 2026, 3:00 pm, Lapolis potko janm kominike ofisyèlman sou dosye sa a.
Sous/Radyo Televizyon Karayib

