Li posib pou wap danse sou remix li yo, men ou pa konn si se li menm. Dènye remix challenge li ki viral sou rezo sosyal yo, se sa li te fè avèk vwa Ariana, ki tap mobilize pèp Ayisyen an pandan yon match, nan 8e Edisyon “House of Challenge”, nan peyi Togo, an Afrik.
Moise Right Jeff Garry Fils, 26 lane, tout moun konnen sou non JeffBeatz sou rezo a, se youn nan jèn DJ epi Beatmaker ki chaje talan, e ki fè plis “HIT” nan kesyon mix challenge sou TikTok. Jèn sa yo itilize nenpòt deklarasyon, mizik, slogan oubyen aksyon ki pwovoke griyen dsan, pou mikse yo ak yon beat ki ka fè moun danse.
Avèk plis pase 340,000 moun kap swiv li sou TikTok, epi 78,000 sou Instagram, Jeff Beatz pa sispann chame odyans Ayisyen an avèk mix li yo, ki gen yon koulè patikilye. Daprè konsta nou fè, Mix Challenge li yo rekòlte plizyè milyon “VIEWS” nan kèk jou sèlman. Pami mix ki pi popilè yo nou ka site dènye li fè avèk vwa Ariana a, men tou, mix “men bagay yo”, “paskem pa janm poste”, “met afè aa nan kraze kò”, “pou mwen l ye”, “m pa gen mennaj”, pou n site sa yo sèlman….
“Mwen kòmanse fè beat depi an 2019, epi eksperyans mwen kòm DJ remonte depi lè mwen te lekòl. Mwen sonje mwen te konn fè DJ sou telefòn mwen, jis ak pasyon ak anvi kreye”, se sa JeffBeatz di nou, nan yon echanj nou te gen ak li. Jèn sa a kap viv Ayiti, fè konnen sa ki fè stil li espesyal, se fason li pran kontni viral oswa son moun konnen deja, epi li transfòme yo an vrè vibe ki fè moun danse.
“Mwen pa jis jwe mizik, mwen kreye eksperyans. Mwen soti nan yon background senp, mwen grandi kòm yon jèn ki pa t gen tout mwayen, men sa pa janm anpeche m reve ni travay di pou m rive lwen. Se disiplin, konsistans, ak lanmou pou sa m ap fè ki mennen m kote mwen ye jodi a”, deklarasyon jèn pwodiktè Ayisyen an.
Moise Right Jeff Garry Fils di youn nan moun ki enspire li anpil nan pakou li, se “Andybeatz”. E li fè konnen se nan enfliyans sa a non Jeffbeatz la soti, kòm yon siy respè pou kreyativite ak enèji li pote nan mizik la.
JeffBeatz ki vrèman pasyone de kreyasyon, mizik, ak atizay an jeneral, tankou penti tou, di objektif li se kontinye grandi, mete non li pi wo nan endistri a, epi enspire lòt jèn ki gen menm rèv avè l pou yo pa janm bay vag. Paske, selon sal presize, ak pasyon, kouraj, epi travay di, tout bagay posib.

