Kontrèman a sa kap sikile sou rezo sosyal yo, gouvènman Ayisyen an atravè Ministè Komès ak Endistri, fè tout popilasyon an konnen, « pa gen okenn pwoblèm gaz sou mache nasyonal la ».
Sou enstriksyon Premye minis Alix Didier Fils Aimé, gen enspektè Ministè Komès ak Endistri ki mennen yon operasyon enspeksyon, samdi 28 mas 2026 la, nan plizyè estasyon gaz nan Delmas, Tabarre, Petyonvil, ak lòt kote nan 2e sikonskripsyon Pòtoprens lan. Objektif la se pou verifye gen gaz disponib sou mache a.
Operasyon sa yo pèmèt nou konfime ke gen gaz nan ponp yo, kontrèman a rimè kap sikile kòmkwa ta gen yon pwoblèm gaz an Ayiti.
Paralèlman, gouvènman an di yap veye pou moun pa vann gaz nan koulwa ilegal. « Pwodui petwolye yo disponib, e distribisyon yo asire atravè sikui fòmèl otorize yo », se sa Ministè Komès presize, nan yon kominike yo mete deyò, 28 mas 2026 la.
Nan sans sa a, MIC di tout moun kap vann gaz andeyò de sikui fòmèl yo, espesyalman nan bidon/galon oubyen tout lòt bagay ki pa konfòm, li entèdi sou tout teritwa nasyonal la.
Ministè a raple, pratik sa yo se enfraksyon grav, ki ka twouble lòd piblik, mete an danje sekirite sitwayen yo, epi alimante yon seri strateji ki pa legal. « Pou sa, tout pèsòn fizik oubyen moral ki enplike nan vant ilegal gaz, ap tonbe anba sanksyon lalwa, leta ap sezi pwodui yo, fèmen kote moun sa ap vann nan, epi pouswiv li devan lajistis », se avètisman sa otorite yo voye.

