Premye minis Ayisyen an ak divès manm nan gouvènman Ayisyen an, komemore 223e anivèsè lanmò Toussaint Louverture, madi 7 avril 2026 la, nan Pòtoprens. Aprè li fin depoze yon jèb flè nan pye moniman an ki twouvel anfas palè nasyonal sou channmas, epi re-limen flanm etènèl la, Alix Didier Fils-Aimé te livre yon mesaj istorik e politik. « Ayiti pa yon aksidan listwa, se yon zak fondatè », se sa Chèf gouvènman an deklare.
Daprè yon kominike Primati mete deyò, evènman sa a se te okazyon pou M. Fils-Aimé salye memwa gwo gason sa a, ki gen yon eritaj ki kontinye eklere konsyans nasyonal la. Nan diskou li, PM nan rann omaj a sal rele « jeni politik e moral » Toussaint.
« Nou pap salye sèlman yon gouvènè ak yon estratèj, men nap enkline nou devan yon sèten lide diyite », deklarasyon Alix Didier Fils-Aimé, ki lanse yon apèl fò bay jenès Ayisyèn nan, pou envite yo ranmase eritaj sa a, epi itilize l kòm levye pou yon renouvo nasyonal.
Pandan lap pran lapawòl, Chèf gouvènman an pwofite selebre tou 43e anivèsè fondasyon Mize Panteyon Nasyonal, ke li prezante kòm yon kafou konsyans nasyonal, yon espas kote memwa chita. Pou M. Fils-Aimé, jounen 7 avril la depase yon senp komemorasyon, se yon moman ki dwe enskri nan yon zak fidelite epi responsabilite anvè listwa.
« Se pa sèlman onore, men se renouvle yon sèman. Viv MUPANAH ! Viv Toussaint Louverture ! Viv Ayiti ! », se konsa Premye minis lan fini diskou li.

