Aksyon sa rive sou lanmè peyi Kiba, mèkredi 25 fevriye 2026 la, aprè gad fwontalyè Kiben te gen afwontman ak moun ki sou bato sa a, ki gen nimewo imatrikilasyon FL7726SH.
Nan yon kominike Ministè Enteryè peyi Kiba mete deyò, yo di yo te detekte bato a nan zòn « Chenal d’El Pino », pwovens « Villa Clara ». Yo di lè yo apwoche bato a pou fè verifikasyon, yo tande gen bal ki pete, e se nan bato a katouch yo soti.
Gouvènman Kiben an fè konnen, se aprèsa afwontman an ta pral deklannche. Bilan : 4 nan 10 moun ki te sou bato yo mouri, 6 lòt yo soti blese. Pandan echanj sa, kòmandan bato gad-fwontalyè Kiben an soti blese. Ministè Enteryè peyi Kiba di, se yon gwoup ak zam ki tap tante enfiltre teritwa yo ak bato a, pou vin fè aktivite teyoris.
Otorite Kibèn yo anonse yo sezi materyèl sa yo nan bato a tankou : plizyè fizi daso, zam kout, materyèl eksplozif fabrikasyon atizanal (cocktails Molotov), jilè pa bal, linèt teleskopik ak inifòm kamouflaj. Aksyon sa rive, nan yon kontèks kote gen gwo tansyon ant Kiba ak Etazini.
Sous/RFI, New York Times

