Atak la fèt, samdi 28 fevriye 2026 la. Nan yon videyo li pibliye sou platfòm pèsonèl li ki se « Truth Social », Prezidan ameriken an mande pou pèp Iranyen an, anvayi pou pran pouvwa a, aprè atak yo.
Donald Trump di se yon gwo tonton operasyon konba ki lanse, pou kapab pwoteje pèp ameriken an kont menas rejim Iranyen yo. Aprè atak sa a, Iran replike, epi tire misil sou plizyè baz militè ameriken ki nan divès peyi nan rejyon an tankou : Émirats-Arabes Unis, Qatar, Koweït, Bahreïn ak Jordanie.
Prezidan Trump menase pou l detwi kapasite misil Iran, ak tout fòs maritim yo genyen an. Gouvènman Iranyen an atravè tèks mesaj, voye di tout abitan kap viv nan vil Teheran (kapital peyi a), pou yo deplase. Paralèlman, yo fè apèl a konsèy sekirite Nasyonzini, pou aji rapid rapid.
ONU rapidman reyaji, e kondane frap Izrayelo-Amerikèn yo sou Iran. Sekretè Jeneral Nasyonzini an António Guterres deklare : « lè Etazini ak Izrayèl itilize lafòs, epi Iran li menm riposte, sa kraze tout jefò lapè ak sekirite entènasyonal yo ».
Sous/France24

