Milyadè Elon Musk pwopoze pou pran responsabilite peye salè tout ajan TSA, pandan DHS gen pwoblèm bidjè a. Nan yon mesaj li pibliye sou rezo sosyal yo, samdi 21 mas 2026 la, pwopriyetè TESLA fè konnen li swete fè sa a, paske l di pwoblèm bidjè sa a afekte negativman lavi ameriken yo nan tout ayewopò atravè peyi a.
« Ajan nou yo ap soufri », se sa Adam Stahl, administratè adjwen pa enterim TSA a deklare, nan kòmansman semèn nan. M. Stahl di gen sèten anplwaye kap dòmi nan machin, e gen lòt kap fè “don de sang” pou yo kapab jwenn lajan nesesè pou yo vin travay.
Nap presize, depi lè pwoblèm bidjè sa ap frape Depatman Sekirite Enteryè (DHS), gen plis pase 300 anplwaye TSA ki demisyone, pou al chache lòt travay pou yo fè.
Sous/CBS News.-

