Ajan FBI ki anchaj ankèt sou asasina Prezidan Ayisyen an Jovenel Moïse deklare, lendi 16 mas 2026 la devan yon tribinal federal Miami, yo pat janm pran okenn anprent dijital, ni echantiyon AND sou sèn krim nan, sa gen 4 lane. « Nou te fè tout sa nou kapab pandan nou te sou plas, men tan pat jwe anfavè nou », se sa ajan espesyal FBI la, Martin Suarez, fè jij yo konnen.
Daprè sa medya Miami Herald rapòte, M. Suarez di lè li menm ak ekip anketè FBI yo te rive nan kay la 8 jou aprè asasina a, yo te konstate gen enpak bal sou mi yo, ak nan tout fenèt kay la. Li di yo te wè tou, mak san adwat kabann kote Jovenel tap dòmi an.
Ajan FBI la di devan tribinal la, li te idantifye tou yon seri gout san atè a, ki selon li menm, te ka petèt se san Martine Moïse, madan Prezidan an, ki te blese pandan atak la. « Men pat gen okenn echantiyon san ki te pran pou al fè analiz », se sa li M. Suarez deklare. Li di se menm bagay la tou pou plis pase 40 materyèl FBI te sezi kòm pyès a konviksyon, alòske Lapolis te gentan di, yo deja enspekte espas la.
« Lapolis Ayisyèn te gentan sezi pyès a konviksyon yo, aprè yo te fin bay ajan federal yo otorizasyon pou pote yo ale. Yon fwa pyès a konviksyon sa yo mete sou sele, yo te retire yo nan men nou, e se la fouy la te tou fini », se sa ajan an eksplike. Pami bagay yo te jwenn, te gen po katouch, bwat katouch, telefòn pòtab, radio kominikasyon elatriye…
Yon lòt kòlèg Martin Suarez ki rele Jose Loureiro li menm fè konnen, ekip yo a pat pote okenn kit pou fè prelèvman anprent dijital, paske yo pat jije li nesesè pou fè analiz mediko-legal sou sèn krim nan, anndan chanm Mesye ak Madanm Moïse. Rezon an, daprè Loureiro, FBI te gentan fè yo konnen se kòmando Kolonbyen yo ki responsab asasina Prezidan an, e yo te gentan gen tout non yo. Ajan FBI la di li pat nesesè pou konfime idantite sispèk yo avan yo poze yo kesyon nan gadavi PNH kote yo te mete yo a.
Nap presize, Martin Suarez ki se ajan FBI ki anchaj ankèt la, te temwanye pou premye fwa vandredi pase, aprè ministè piblik te fè apèl avèl, nan kad pwosè sa ki lanse kont 4 endividi nan Sid Florida a, ki akize nan konplo pou angaje yon gwoup ansyen sòlda Kolonbyen pou al asasine Jovenel.
Sous/Miami Herald.-

