Avèk yon wòb koulè nwa sou li, Madan ansyen Prezidan Ayisyen asasinen an te tonbe kriye, aprè li fin tande temwanyaj temwen vedèt gouvènman ameriken an fè kont 4 endividi nan Sid Florida ki deja jije paske yo te konplote pout iye mari li, sa gen plis pase 4 lane.
« Mwen se Martine Moïse. Mwen se Madan Jovenel Moïse, ki te asasinen lakay li. Map tann depi lontan. Sa fè plis pase 4 lane. Padone m si nou wè map kriye », deklarasyon ansyèn Premyè Dam nan devan tribinal federal nan Miami, ki tap eksprime li avèk sipò yon entèprèt an kreyòl.
Pandan seyans sa a, Martine retounen sou sware trajik sa a, klote li te resevwa plizyè bal. Li rakonte devan tribinal la, tout sa li te wè, tout sa li te tande nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an. Mèkredi 11 mas 2026 la, Madan ansyen prezidan an dwe reprann temwanyaj.
Nap raple, gen 5 nan 11 akize ki Etazini yo ki deja plede koupab sou prensipal akizasyon ki gen pou wè ak konplo nan kad asasina sa, epi kondane a prizon avi. Gen yon lòt 6e endividi ki te plede koupab pou yon akizasyon ki pa twò grav ki gen pou wè a kontrebann jilè pa bal pou kòmando Kolonbyen ki enplike yo.
Daprè jounal Miami Herald, pwosè sa ta dwe dire anviwon 2 mwa.
Sous/Miami Herald.-

