Pou yon dezyèm jounen youn dèyè lòt, ansyèn Premyè Dam Ayisyèn nan Martine Moïse temwanye, mèkredi 11 mas 2026 la, nan kad pwosè federal ki lanse kont 4 endividi nan Sid Florida, ki akize paske yo te enplike nan asasina Jovenel Moïse.
Pandan lap temwanye devan Lakou federal Miami, Mme Moïse bay yon temwanyaj tèt chaje, e pafwa li te eseye bay eksplikasyon sou atak ki fèt nan mwa jiyè 2021 an sou mari li anndan lakay li. Ansyèn Premyè Dam nan pandan entèvansyon li an, akize dirèkteman ansyen Prezidan Michel Martelly ak ansyen Premye minis Ariel Henry, kòm moun li di ki enplike nan asasina Jovenel Moïse.
Martine Moïse deklare, li depoze plent ofisyèl deja kont Ariel Henry nan kad dosye sa a, e fè konnen moun ki sou pouvwa yo kounya an Ayiti, se yo ki ta pami moun ki enplike nan zak sa a.
« Yo akize m paske sila yo ki touye l yo se yo ki sou pouvwa kounya Ayiti », se sa li deklare devan jij yo. Mme Moïse bay repons sa a parapò ak moun kap poze kesyon sou rezon ki fè yo louvri ankèt menm sou li menm an Ayiti, nan kad asasina sa a.
Odyans sa a sete okazyon pou Martine Moïse retounen sou sa ki te rive a, kote li eksplike kòman li te rive sove nan atak sa a, epi kite peyi a.
Sous/CBS Miami.-

