Avèk yon diskou ki dire 1èd tan 47 minit, Prezidan ameriken an depase pwòp tèt li, parapò ak ane pase, kote l te fè 1èd tan 39 minit ap pale.
Depi kèk jou avan adrès a la nasyon an devan 119e kongrè a, madi 24 fevriye 2026 la, Donald Trump te gentan di diskou li pral pwononse a, ap long, paske l gen anpil pou l di.
Jiskaprezan, ansyen Prezidan Richard Nixon rete Prezidan ameriken ki fè diskou ki pi kout pandan yon « State of the Union » : 30 minit, nan lane 1972.
Sous/CNN Politics.-

