Aprè li fin bay nouvo minis yo anpliyasyon yo, Alix Didier Fils-Aimé te pran lapawòl nan kad yon seremoni solanèl ki te òganize nan “Villa d’Acceuil”. Nan diskou li, Chèf gouvènman an salye sans angajman ak espri depasman tout manm gouvènman ki te la avan yo, li di ki te travay nan yon kontèks kriz patikilyèman difisil.
« Konpatriyòt mwen yo, seremoni jodia pa yon senp chanjman, se rezilta yon angajman politik ki sòti nan Pak Nasyonal pou Estabilite ak Òganizasyon eleksyon. Pak sa se prèv lè Peyi a an danje nou kapab mete tout diferans nou de kote pou nou sove sa ki pi enpòtan, ki se peyi Dayiti. Avèk Pak sa, nou pran angajman pou n fòme yon kabinè ministeryèl ki enpasyal, teknik, epi ki efikas », se sa Premye minis lan deklare.
Fils-Aimé ensiste sou nesesite pou Minis yo pase alaksyon, e di moman an se pa pou bèl diskou. Chèf Primati a raple, aksyon gouvènmantal la pral fokis sou 3 gran priyorite estratejik : sekirite, redrèsman ekonomik ak sosyal, epi òganizasyon eleksyon.
Premye minis lan di evènman sa a se yon nouvèl etap nan kontinite leta, ak mizanplas angajman nasyonal la.
Sous/Primature Haiti

