Daprè sa medya espòtif Haiti-Tempo rapòte, foutbolè entènasyonal Ayisyen an Duckens Nazon, k ap jwe nan klèb « Esteghlal FC », nan vil Tehran, peyi Iran, sot fè yon long vwayaj pou kite vil la. Yon vwayaj ki te long, e difisil, akoz frap misil ki genyen sou Iran.
« Nazon an sekirite, e twouve l nan yon zòn ki pa gen twòp difikilte nan moman an », se sa medya a rapòte, aswè samdi 28 fevriye 2026 la.
Haiti-Tempo fè konnen, atakan seleleksyon nasyonal la ap tann pou antre sou fwontyè Azerbaïdjan, dimanch 1e mas la nan maten, pou kapab kontinye pakou li, epi retire kò l nan zòn nan nèt, annatandan sitiyasyon an retounen nan nòmal.
Jounalis espòtif Caleb Jephté Pierre rapòte, nan videyo Duckens Nazon pataje yo, siy fatig nan vizal li parèt vizib, aprè yon long vwayaj.
Sous/Haiti-Tempo, Caleb Jephté Pierre.-

