Daprè sa medya NBC News rapòte, petwòl brit ameriken an anrejistre yon ogmantasyon tèt chaje semèn sa a. Sèlman pou vandredi 6 mas 2026 la, pri a rive a plis pase 12% pou atenn plis pase 91 dola pa baril, pri ki pi wo depi finisman lane 2022.
Nan sèten Eta ameriken, gaz la rive jiska prèske 4 dola, e menm 5 dola galon nan ponp yo. Selon analis yo, pri a konnen yon ogmantasyon jiska 35%, sa ki fè anpil sitwayen kòmanse plenyen, menm sila yo ki te vote Donald Trump kòm Prezidan.
Bò kote pal, Prezidan ameriken an li menm di ogmantasyon pri gaz nan ponp yo pa fèl ni cho, ni frèt. Donald Trump fè konnen se pa yon bagay kap rete pou lontan. “Pri yo pa monte twòp vre. Tout bagay gen pou fikse”, se sa li deklare.
Pri gaz yo monte nan ponp yo Etazini, nan yon kontèks kote gen gwo kè kase parapò ak bato petwòl yo ki paka pase nan zòn gè a, espesyalman nan lanmè Detroit Ormuz, kote 20% nan gaz mondyal la konn travèse pou al delivre nan divès peyi.
Sous/NBC News

