“ONU Femme” ap òganize soti 9 pou rive 19 mas 2026 la, 70e sesyon komisyon sou kondisyon fanm, nan syèj nasyonazini nan New York. Reprezantan divès Eta manm, antite nasyonzini ak òganizasyon non-gouvènmantal ki akredite nan ECOSOC nan tout rejyon nan mond lan, ap patisipe.
Pami moun ki envite nan kad gwo evènman sa a, gen 3 fanm Ayisyèn. Derline Sénat ki se jounalis epi kominikatris, Laetisia Belizaire, diplomat e konsiltant nan pwotokòl entenasyonal, epi Nelie J. Delmazin ki nan domèn “business administration”, se non 3 fanm sa yo kap patisipe nan 70e edisyon sa a.
“Garanti epi ranfòse aksè a lajistis pou tout fanm ak tifi pandan nap fè pwomosyon pou yon sistèm jiridik enklizif, e ekitab, elimine lwa, politik ak pratik ki diskriminatwa ki atake ak obstak estriktirèl yo…” se ansanm tèm kap debat pandan 10 jou sa yo.
Sesyon sa a se ap okazyon pou 3 fanm Ayisyèn sa yo asiste epi diskite sou patisipasyon fanm nan vi piblik, epi nan espas desizyon yo. Se ap yon sesyon kote patisipan yo ap gen pou pale tou de eliminasyon vyolans kap fèt sou fanm, ak batay pou rive ak yon egalite ant gason a fanm, epi otonomizasyon tout fanm ak tifi nan mond lan.
Nap presize, sesyon “Commission on the Status of Women” se pi gwo rasanbleman ki fèt chak ane nan Nasyonzini, sou egalite fanm ak gason, epi dwa fanm. Evènman sa rasanble fanm ki nan gouvènman nan divès peyi nan mond lan, ak reprezantan òganizasyon oubyen ONG ki soti nan plizyè rejyon tankou : Afrik, Azi, Ewòp Amerik-Latin ak Karayib.
Sous/UN Women.-

