Enspeksyon Jeneral Finans an Ayiti selebre, madi 17 mas 2026 la, 20e anivèsè kreyasyon yo. Nan sans sa a, gen yon seremoni ki òganize, an prezans plizyè pèsonalite tankou Premye minis Ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé, Minis Ekonomi ak Finans lan Serge Gabriel Colin, Reprezantan Sekretè Jeneral Nasyonzini an an Ayiti, Carlos Gabriel Ruiz-Massieu… pou n site sa yo sèlman.
« 20 ans d’engagement au service de la bonne gouvernance et de la lutte contre la corruption », se sou tèm sa a selebrasyon sa dewoule. Nan diskou li, Premye minis lan rann omaj ak IGF, ki se yon enstitisyon estratejik ki kreye nan lane 2006, e ki anba otorite Ministè Ekonomi ak Finans. Alix Didier Fils-Aimé salye wòl enpòtan Enspeksyon Jeneral Finans jwe nan konsolidasyon gouvènans piblik la, men li di li vle pou transparans rete sèl bousòl enstitisyon sa a.
« Transparans dwe gide aksyon piblik la, e onètetè dwe reprezante poto mitan leta a. Menm jan m ap goumen pou garanti sekirite nan tout peyi a, se menm jan m ap goumen pou enpoze transparans nan jesyon Leta », deklarasyon Chèf gouvènman an, ki renouvle angajman li pou gen bon jan koyerans nan aksyon gouvènmantal la.
Nan sans sa a, PM nan pase enstriksyon ak Minis Ekonomi ak Finans lan, pou ranfòse san delè, mekanis transparans ki gen pou wè ak mobilizasyon epi jesyon resèt piblik yo, espesyalman nan nivo administrasyon ladwann ak DGI. Aksyon sa yo, selon M. Fils-Aimé, ap bay asirans ke peyi a ap ka retrase resous leta yo, epi popilasyon an ap ka gen aksè ak enfòmasyon piblik yo.
Pandan seleberasyon 20e anivèsè sa am otorite yo tou pwofite lande ofisyèlman pwojè : « Les génies de la bonne gouvernance », yon inisyativ Ministè Ekonomi ak Finans, pou sansibilize epi mobilize jenès la nan sa ki konsène valè entegrite, etik ak responsablite piblik. Yon pwotokòl dakò siyen nan okazyon an, ant MEF ak Ministè Edikasyon nasyonal, nan lide pou kapab enskri prensip sa yo nan fòmasyon elèv ak etidyan yo kap vin sitwayen demen.

